Banque de la République d'Haïti

cancel-search
Estabilite pri yo, Pouvwa acha ak Konfyans nan deviz nasyonal la | BRH


Estabilite pri yo, Pouvwa acha ak Konfyans nan deviz nasyonal la

Estabilite pri yo, Pouvwa acha ak Konfyans nan deviz nasyonal la

1. Kontèks

Enflasyon, nou defini nan sans ki pi presi kòm yon ogmantasyon san kanpe nan nivo jeneral pri yo, tradui yon diminisyon pouvwa acha fanmi yo. Pou yon revni nominal ki pa chanje, fanmi yo kapab konsome mwens, e sa afekte byennèt ekonomik yo dirèkteman. Si enflasyon an se bri sapat nan kèk ekonomi, an Ayiti li kapab pran fòm yon chòk sosyal. Sa ki esplike reyalite sa a se yon seri gwo depans fanmi yo pa kapab diminye oswa redui nan bidjè yo ak kapasite sila ki pi fèb yo ki pa pèmèt yo ajiste sitiyasyon difisil yo.

Pou nou konprann sa enflasyon an fè yon nasyon, nou pa bezwen fè gwo diskou. Ogmantasyon pri yo fòse fanmi yo fè abitraj ki difisil : repòte swen sante yo, renonse ak kèk envestisman esansyèl, redui konsomasyon ki pa konsène manje. Lè ajisteman sa yo jeneralize, yo peze lou sou koyezyon sosyal la epi yo pwovoke yon santiman ensètitid ak enjistis lè efò ekonomik la pa rive transfòme an amelyorasyon kondisyon lavi fanmi yo. Enflasyon an pa sèlman yon fenomèn makwo-ekonomik, men tou li genyen efè kominikan dirèk epi ki pèsiste nan divès sektè lavi ak aktivite fanmi yo.

Dimansyon sosyal sa a double ak yon anje enstitisyonèl ki lyannen ak kredibilite deviz nasyonal la. Lajan se yon jalon (repè) kolektif ki pèmèt nou fikse pri yo, fè epay, epi angaje kontra nan yon kad ki previzib. Lè estabilite pri yo menase, jalon sa a febli. Ajan ekonomik yo rakousi etandi desizyon yo, adopte konpòtman prekosyon epi entegre prim ensètitid nan chwa yo. Nan yon klima kon sa, antisipasyon (previzyon) yo jwe yon wòl enpòtan : krent enflasyon dirab la kapab, poukont li, akselere enflasyon an, paske li modifye imedyatman fason ajan ekonomik yo fikse pri yo, salè yo ak desizyon acha yo (Woodford, 2003)1.

An Ayiti, mekanis sa yo vin pi fò avèk chapant (estrikti) yon ti ekonomi ouvè, ki depann anpil de enpòtasyon yo. Kon sa, lè goud la ap pèdi valè, ogmantasyon pri yo kapab rapid (brid-sou-kou). Yo konn rele mekanis sa a « exchange rate pass-through ». Esperyans chak jou nou yo ilistre sa : lè pri kabiran yo oswa byen nou enpòte yo ogmante, se pri transpò ak pri lòt pwodui yo ki ogmante imedyatman. Lè kon sa, ranpli pànye pwovizyon debaz fanmi yo vin pi konplike (BRH, Mo Gouvènè a, mas 2026).

Anfen, enflasyon an pa toujou evolye yon fason regilyè. Li evolye sou fòm akselerasyon, arè brid-sou-kou, epizòd kote tout jalon oswa pis yo bwouye. Nan moman sa yo, reyaji apre sitiyayson an fin poze raman sifizan. Anje a se evite sitiyasyon an antrene plis ajan ekonomik, limite entèvansyon ti-gout-pa-ti-gout, epi restore yon trajektwa ki pi lizib. Pwoteje pouvwa acha fanmi yo, se pwoteje konfyans nan deviz nasyonal la tou.

2. Pou ki sa nou dwe entèvni kont enflasyon an

2.1 Yon enperatif legal

Premye fondman entèvansyon kont enflasyon an enstitisyonèl epi legal. Bank Repiblik d Ayiti genyen yon manda byen klè sou plan sa a : kontribye nan prezève valè deviz nasyonal la. Men, enflasyon se presizeman pwosesis ki diminye valè entèn lajan an, pandan li afekte pouvwa acha a dirèkteman. Nan sans sa a, estabilite pri yo pa yon preferans. Se yon responsablite ki soti dirèkteman nan kad legal ak reglemantè Bank lan (BRH, 2025)2.

Pi lwen pase tèks la, anje a konkrè. Yon enflasyon ki rete wo dirabman (ki pa desann pandan anpil tan) febli deviz nasyonal la kòm rezèv valè, ankouraje ranplasman monetè, epi redui kapasite politik monetè a pou li enfliyanse ekonomi an. Li ogmante depans pou jesyon antrepriz yo epi li dekouraje envestiman pwodiktif yo. Nan kad sa a, aksyon kont enflasyon an chita sou yon obligasyon gouvènans, paske kredibilite monetè a se yon kapital piblik lè nou pèdi li sa mennen nou nan enstabilite epi sosyete a peye sa negativman.

2.2 Enflasyon, yon detèminan kle pou byennèt

Dezyèm fondman sosyal ak li konsidere tout moun. Enflasyon an afekte yon fason dezekilibre fanmi ki genyen kapasite ajisteman ki pi fèb yo. Fanmi sa yo raman asire kont ogmantasyon pri yo, epi yo sibi efè negatif yo la pou la. Se poutèt sa batay kont enflasyon an se tou yon enstriman santral pou pwoteksyon pouvwa acha a.

Nan yon ekonomi ki chita sou enpòtasyon, to chanj lan se yon endikatè enpòtan. Lè lajan nasyonal la pèdi valè, sa fè pri anpil pwodui monte, kèk fwa byen vit. Nou kapab ilistre pwen sa a ak yon egzanp senp : si yon enpòtatè peye pi chè pou byen li yo an deviz etranje, nan yon moman oswa yon lòt, li ap konpanse montan adisyonèl la sou pri li yo. Mouvman sa a sikile ansuit nan ekonomi an, a travè kou transpò a, enèji a, ak tout lòt eleman ki antre nan pwodiksyon byen yo. Literati ki disponib nan domèn nan souliye transmisyon sa a gen tandans vin pi fò lè enflasyon an deja wo, epi lè konfyans lan frajil (Taylor, 2000)3. Analiz ki pibliye nan rapò BRH yo mete aksan sou jan pri pwodui domestik yo sansib devan monte-desann to chanj lan an Ayiti, lè nou konsidere gwo enpòtans enpòtasyon genyen nan konsomasyon ak nan estrikti pwodiksyon nasyonal la (BRH, 2025–2026).

Yon dezyèm egzanp konsène dinamik prekosyon an. Lè ensètitid la ogmante, kèk ajan ekonomik chèche pwoteje tèt yo nan privilejye deviz etranje a oswa nan akselere acha yo. Reyaksyon sa a, ki konpreyansib sou plan endividyèl, kapab egzèse yon presyon an plis sou mache chanj lan, epi fofile kò li nan pri yo. Nan moman sa yo, koyerans aksyon piblik la vin detèminan pou evite deklanchman presyon enflasyonis ki jenere tèt yo nan sistèm nan.

Konsta sa a pa egzije yon remèd mirak brid-sou-kou. Enstriman monetè yo aji avèk delè epi efè yo depann de kondisyon ekonomik ak finansye yo. Sepandan, li fè nou yon egzijans : yon estrateji koyeran ki vize redui entèvansyon ti-gout-pa-ti-gout (tanzantan) yo, limite ensètitid la, epi anpeche presyon enflasyonis yo rive alimante epi jere tèt yo.

2.3 Enflasyon ak ensètitid

Twazyèm fondman an se konfyans. Enflasyon an gen tandans devlope pi fasilman nan yon anviwònman ki genyen ensètitid, kote antisipasyon yo pèdi ankraj yo. Lè popilasyon an ap tann ogmantasyon pri yo san rete, chak ajan ajiste aktivite yo san pèdi tan : komèsan yo revize pri yo pi souvan, fanmi yo achte pi bonè pou evite pwodui yo vin pi chè pi devan, antrepriz ranfòsè mekanis kouvèti (asirans) yo. Konpòtman sa yo kapab rasyonèl sou plan endividyèl, men yo kapab destabilize sistèm nan. Yo akselere ogmantasyon pri yo epi yo rann ekonomi pi enstab.

Rechèch nan ekonomi monetè montre nou pa ka separe yon politik efikas ak kredibilite a, nan sans kote li koyeran epi previzib nan tan an. Lè pa gen kredibilite, ajan yo entegre yon prim enflasyon nan desizyon yo, epi estabilizasyon an vin koute plis (Kydland and Prescott, 1977 ; Barro and Gordon, 1983)4.

Sa montre enpòtans kominikasyon ak konstans nan operasyon yo. Klarifye objektif yo, jistifye desizyon yo, pibliye enfòmasyon, aji avèk regilarite fasilite ankraj antisipasyon yo. Krediblite se pa yon kesyon deklarasyon ; yo konstwi li gras ak disiplin.

3. Pou nou fini

Objektif la klè : pwoteje pouvwa acha a, an patikilye pouvwa acha sila ki pi fèb yo epi ranfòse konfyans sitwayen yo nan deviz nasyonal la. Pou rive fè sa, BRH oryante aksyon li yo sou yon apwòch klè, pwogresif, ki fèm epi ki chita sou eleman fondamantal ki detèmine enflasyon an.

Dabò, nou dwe redui mouvman dezòdone ki alimante lavi chè a. Nan yon ekonomi ki chita majoritèman sou enpòtasyon, estabilite chanj lan ak estabilite pri yo mache ansanm. Objektif la se pa pwomèt yon nivo ki p ap chanje oswa ki p ap varye, men se limite varyasyon brid-sou-kou yo, fè trajektwa a vin pi previzib epi redui ensètitid ki akselere ogmantasyon pri yo.

Ansuit, jesyon kondisyon monetè yo dwe fèt avèk disiplin ak koyerans. Sa pèmèt nou evite eksè likidite pa transfòme tèt yo an presyon sou mache chanj yo epi, finalman, sou pri yo ; itilize enstriman ki disponib yo yon fason pwogresif, pandan nou pran delè transmisyon yo an konsiderasyon. Se pa jès espektakilè ki konstwi estabilite a. Se yon koyerans konstan ki konstwi li.

Nan sans sa a, BRH ranfòse operasyon li yo pou absòbe likidite nan lide pou limite eksè ki kapab alimante demann deviz etranje yo ak presyon sou pri yo. Entèvansyon sa yo plis manifeste nan mete a dispozisyon bon BRH yo sou tèm 7, 28 ak 91 jou, nan kenbe koyefisyan rezèv obligatwa yo epi nan yon suivi konstan sou kondisyon likidite nan sistèm bankè a, nan yon kontèks ralantisman kredi nan sektè a nan anviwònman ekonomik difisil nou konnen an. Objektif la se evite yon kwasans monetè ki depaman avèk estabilite pri yo, an koyerans avèk manda legal pou prezève valè entèn deviz nasyonal la.

Anfen, konfyans lan repoze sou transparans ak kontinuite. Estabilite pri yo se yon objektif nasyonal. Li depann de politik monetè a, men tou de sikui apwovizyònman yo, de anviwònman entènasyonal la ak kòdinasyon politik piblik yo. Nan kad sa a, BRH ap jwe patisyon pa li a, avèk tanperans ak detèminasyon, paske prezève valè deviz nasyonal la se tou pwoteje lavi chak jou sitwayen yo.

Referans

  • Barro, R.J. and Gordon, D.B. (1983). Rules, discretion and reputation in a model of monetary policy. Journal of Monetary Economics, 12(1), 101–121.
  • Banque de la République d’Haïti (BRH) (2025). Mission et organisation. Site institutionnel de la BRH.
  • Banque de la République d’Haïti (BRH) (2026). Mo Gouvènè a (mas 2026). « Estabilize to chanj lan pou metrize enflasyon nan ekonomi an : yon kondisyon nesesè ». https://www.brh.ht/estabilize-to-chanj-lan-pou-metrize-enflasyon-nan-ekonomi-an-yon-kondisyon-nesese/.
  • Kydland, F.E. and Prescott, E.C. (1977). Rules rather than discretion : The inconsistency of optimal plans. Journal of Political Economy, 85(3), 473–491.
  • Taylor, J.B. (2000). Low inflation, pass-through, and the pricing power of firms. European Economic Review, 44(7), 1389–1408.
  • Woodford, M. (2003). Interest and Prices : Foundations of a Theory of Monetary Policy. Princeton University Press.



30 Mai 2026


130.4963



Taux de Référence
Gourdes pour 1 dollar EU

Actualités