Banque de la République d'Haïti

cancel-search
Estabilize to chanj lan pou metrize enflasyon nan ekonomi an: yon kondisyon nesesè | BRH


thumb image

Estabilize to chanj lan pou metrize enflasyon nan ekonomi an: yon kondisyon nesesè

1. Kontèks

Nou kapab konsidere to chanj lan tankou yon byen piblik an Ayiti. Se san dout youn nan sijè yo plis diskite nan medya ak nan deba ekonomik nan peyi a. Youn nan rezon ki fè sa se paske nenpòt moun ka jwenn enfòmasyon sou mache chanj lan prèske an tan reyèl. Soti nan komèsan an rive sou pwofesè inivèsite a, chak moun kapab konsilte evolisyon to chanj lan epi fè pwòp analiz pa li. Yon dezyèm jistifikasyon : dola a reprezante yon deviz ankraj pou plizyè tranzaksyon. Nan sans sa a, tout varyasyon twò brital to chanj lan ap mennen nan ajisteman, pa sèlman sou tout lòt pri yo (pri byen ak sèvis), men tou sou aktivite ekonomik la.

Devan reyalite sa a, Bank santral bay tèt li misyon itilize zouti ki a dispozisyon li pou defann valè estèn lajan an. An reyalite, sa ki ideyal pou BRH se kenbe yon to chanj lan estab (envaryab). Estabilite BRH vize a pa vle di yon to chanj fiks, men yon evolisyon ki pa gen efè pètibatè (dezòd). An reyalite, se estabilite sa a nou konstate sou mache chanj ayisyen an pandan dènye egzèsis fiskal 2023-2024 ak 2024-2025 (BRH, Notes de politique monétaire, 2022-2024).

Nan yon dimansyon makwo-ekonomik, apresyasyon oubyen depresyasyon rapid yon deviz lokal reprezante siyal defavorab pou ajan ekonomik yo. Yon lòt bò, jeneralman, yo konsidere ajisteman gradyèl ak modere kòm yon esperyans nou kapab kenbe, paske yo bay fanmi yo, antrepriz yo ak enstitisyon yo tan ki nesesè pou adapte desizyon finansyè ak operasyonèl yo.

Objektif BRH nan sitiyasyon sa a se jwenn yon ekilib, sa ekonomis yo ta kapab rele presizeman yon ekilib estab, epi entèvni lè kèk tansyon ki pote dezòd parèt, kit tansyon sa yo ap ogmante, kit yo ap bese.

2. Pou ki sa BRH dwe entèvni sou mache chanj lan

2.1 Yon enperatif legal

Premye agiman an enstitisyonèl. Lwa 1979 ki kreye Bank Repiblik d Ayiti a ba li misyon klèman pou li asire estabilite valè entèn ak estèn deviz lokal la. Dispozisyon sa a mete to chanj lan nan pozisyon yon endikatè santral nan manda pou estabilite li bay BRH la. Pou nou di sa yon lòt fason, pran responsablite veye sou to chanj lan pa yon chwa volontè. Se yon obligasyon legal ki enskri nan kad enstitisyonèl peyi a epi ki plase estabilite chanj lan nan nannan misyon Bank santral.

2.2 To chanj lan, yon eleman kle pou enflasyon an

Plis pase sa manda legal la egzije, entèvansyon BRH sou mache chanj lan se yon enperatif ekonomik fondamantal : lite kont enflasyon an. Donk, lè pa gen yon politik pridansyèl sou to chanj lan, sa ka rive kèk derapaj afekte byennèt popilasyon an dirèkteman. Grafik nou prezante pi ba a montre to chanj lan predi yon bon pati varyasyon enflasyon 1 an sou yon tan ki long . Koub enflasyon li predi a suiv enflasyon yo obsève a regilyèman, sa ki siyifi, nan yon ekonomi tankou pa Ayiti a kote yo enpòte yon bon pati nan byen yo konsome yo, dinamik to chanj lan reprezante yon bon endikatè pou oryantasyon pri yo nan yon moman fiti. Li enpòtan pou nou presize rezilta sa a pa vle di to chanj lan lakoz enflasyon. Pou nou etabli rezilta sa kapab bay, nou ta dwe sèvi ak yon modèl estriktirèl oswa semi-estriktirèl. Modèl nou an sèvi sèlman pou fè previzyon, men li mete an limyè yon ide ki enpòtan : nan yon ekonomi ki depann anpil de enpòtasyon, tankou pa nou an, estabilite to chanj lan se yon kondisyon nesesè pou bare presyon enflasyonis yo epi pwoteje byennèt popilasyon an.

Grafik 1

Grafik 1: Enflasyon obsève ak enflasyon yo predi a pati to chanj lan


1.Se yon rekil danjere ki vize evalye aspè prediktif to chanj mwayen an chak mwa sou to enflasyon an. Obsèvasyon prensipal : nou kapab esplike yon gwo pati varyasyon enflasyon an a pati to chanj lan. Men li posib pou yon twazyèm faktè enfliyanse de varyab sa yo, tankou antisipasyon ajan yo devan anviwònman ekonomik ayisyen an. BRH ap apwofondi dimansyon estriktirèl sa a nan piblikasyon ki genyen pou vini.

Reyalite sa genyen enplikasyon konkrè pou fanmi yo. Souvan gen yon konfizyon konsènan enpak depresyasyon to chanj lan sou fanmi yo ki resevwa transfè lajan. Plizyè nan yo panse yon to chanj ki wo favorab pou yo piske valè imedya transfè yo a ogmante. Entèpretasyon sa a reflete yon fòm erè. Pouvwa acha reyèl la depann de sa kòb la pèmèt nou achte, men sa pa soti nan valè imedya montan kòb la. Si yon fanmi resevwa dis goud an plis poutèt depresyasyon an, men depresyasyon sa a redui kantite byen li kapab achte avèk dis goud sa a, alò li sibi yon pèt reyèl. Sa montre depresyasyon an pa pote yon pwofi dirab pou fanmi yo epi konpreyansyon dinamik makwo-ekonomik la dwe ale pi lwen pase senp montan imedya transfè yo.

Estabilite to chanj lan gen tou yon gwo enpòtans pou komès avèk etranje. Ayiti pa yon aktè dominan sou mache mondyal byen ak sèvis yo. Kon sa li pa t ap apwopriye pou nou ta kite to chanj lan ap monte desann yon fason nou pa kontwole nan lide pou soutni kèk sektè espesifik, pandan nou asepte yon degradasyon jeneral kondisyon lavi a akoz enflasyon an. An plis, Ayiti se yon ekonomi kote salè yo ba. Menm avèk yon to chanj reyèl plizoumwen wo (se pa kon sa sa ye nan moman an) peyi a t ap kontinye benefisye avantaj konpetitif sou mache kote li ap opere yo. Nan sans sa a, agiman ki jistifye yon gwo enstabilite nan to chanj lan pa solid anpirikman ni li pa fonde teyorikman pou yon ti ekonomi epi ki trè ouvè tankou pa nou an.

2.3 To chanj lan ak ensètitid la

Youn nan eleman yo mwens diskite nan deba ekonomik an Ayiti se wòl antisipasyon (prevwayans) ajan yo. Poutan, jan fanmi yo ak antrepriz yo manifeste antisipasyon yo enfliyanse estabilite makwo-ekonomik la dirèkteman. Yo dwe elabore politik piblik yo yon fason pou genyen yon anviwònman ki fasilite antisipasyon yo epi ki kalm, pou laperèz ak pwobablite yon depresyasyon ki kapab vini pa domine nan desizyon ekonomik yo.

Lè yon fanmi gen konfyans to chanj lan ap rete yon jan estab, li pa gen okenn rezon anpile likidite an dola. Menm jan an tou, lè yon antrepriz pa prepare pou yon gwo depresyasyon, li evite ogmante pri li yo davans sou fòm prevansyon. Kalite ajisman sa a kapab kreye yon espiral enflasyonis ki pa genyen anyen pou wè ak demann nan oswa montan reyèl pri yo nan moman an, men sa gen pou wè sèlman ak laperèz yon depresyasyon pwobab.

Dinamik sa a kapab deregle tout sekans aktivite ekonomik la. Yon ogmantasyon pri yo davans redui konsomasyon an, afebli demann nan epi li kapab mennen nou nan kontraksyon pwodiksyon an. Kontraksyon sa a transfòme tèt li ansuit an yon ogmatasyon to chomaj la, sa ki kreye yon sitiyasyon favorab pou frajilize ekonomi an nan tout dimansyon li. Fenomèn sa yo soti nan sa makwo-ekonomi an rele efè “sunspot” 2 . Se sitiyasyon kote ajan yo, ki konvenk tèt yo yon depresyasyon pral rive, modifye konpòtman yo yon fason pou pwovoke depresyasyon sa a tout bon. Nan kontèks sa a, estabilizasyon to chanj lan pa sèlman vize korije dezekilib yo konstate yo, men tou li vize anpeche yo rive planifye sitiyasyon ki kapab destabilize sistèm nan epi ranfòse efè chòk yo.


2. Al gade travay Roger Farmer pou yon konpreyansyon pi apwofondi nosyon « sunspot » la.

3. Pou fini

Lè nou konsidere analiz sa a, li enpòtan pou nou raple estabilite to chanj lan reprezante yon objektif estratejik pou BRH. Levye ki pi dirèk epi ki pi efikas la rete ansanm entèvansyon ki la pou redui tansyon sou mache chanj lan (Dominguez & Frankel, 1993).

Nou akonpaye entèvansyon sa yo avèk yon kad reglemantè ki ranfòse. Nou adopte plizyè sikilè pou ankadre tranzaksyon chanj yo, limite konpòtman ki chita sou espekilasyon yo epi evite kèk aktè sistèm finansye yo anpile deviz san pa gen yon vrè sitiyasyon ki jistifye sa. Objektif la se fè pwomosyon pou yon mache ki pi transparan epi pi ekilibre, jan prensip estabilite finansye Bank Regleman Entènasyonal yo mande (BIS, 2019). Yon lòt bò, genyen yon opsyon esansyèl ki la pou ede ajan ekonomik yo pwoteje valè reyèl epay yo gras ak obligasyon BRH yo. Obligasyon sa yo reprezante yon altènativ kredib fas ak dolarizasyon pòtfèy yo epi yo ede redui tandans pou ranplase deviz lokal la.

Men, nou dwe presize yon to chanj estab pa garanti otomatikman kontwòl enflasyon an. Malerezman, teknik jesyon makwo-ekonomik la genyen konpleksite li. Anpil lòt varyab dwe evolye yo menm tou nan yon sans ki favorab ak anviwònman ekonomik ayisyen an, tankou pri matyè premyè yo sou mache entènasyonal la, bon oryantasyon politik fiskal la oswa estabilite enviwònman politik ak enstitisyonèl la. Pou nou di sa yon lòt fason, pèfòmans makwo-ekonomik la se rezilta yon ansanm faktè aktè lokal yo kontwole kèk ladan yo, tandiske lòt nan yo depann de evènman estèn. Nan yon kad ki chaje kontrent kon sa, angajman BRH rete klè : mobilize tout zouti legal, teknik ak operasyonèl li yo pou prezève estabilite to chanj lan epi defann enterè jeneral la.


Referans

  • Bank for International Settlements (BIS). (2019). Monetary policy frameworks in EMEs: Inflation targeting, the exchange rate and financial stability. BIS Papers No. 104.
  • BRH. (2022-2024). Notes de politique monétaire.
  • Dominguez, K. M. E., & Frankel, J. A. (1993). Does foreign exchange intervention matter? The portfolio effect. American Economic Review, 83(5), 1356–1369.
  • Farmer, R.E.A. (2015). Global sunspots and asset prices in a monetary economy. NBER Working Paper 20831.


14 Avril 2026


130.5896



Taux de Référence
Gourdes pour 1 dollar EU

Actualités