Pilote sistèm pèman yo ak inovasyon pou akselere modènizasyon finans lan an Ayiti
1. Kontèks
Gras ak akselerasyon nimerizasyon sèvis finansye yo, difizyon telefòn mobil an kantite ak devlòpman inovasyon nan domèn finans, sistèm finansye mondyal la antre nan yon gwo transfòmasyon. Evolisyon sa yo redefini mòd pèman yo, itilizasyon sèvis finansye yo ak efikasite tranzaksyon yo, pandan yo fasilite nouvo aktè ak nouvo risk parèt sou mache finansye a. Ann Ayiti, esperyans sa enskri nan yon kontèks kote se lajan likid avèk yon nivo enklizyon finansyè fèb ki domine. Selon Global Findex Database (2021), anviwon 27 % granmoun yo genyen yon kont bankè fòmèl ak yon kont lajan mobil, yon pousantaj ki lontan pi ba pase mwayèn rejyonal la (Bank mondyal, 2021). Nivo enklizyon fèb sa a pi remakab ankò nan chèn pwodiksyon an: dapre ankèt FinScope ‘MPME’ Ayiti 2023, se 14 % mikwo, ti ak mwayen nan antrepriz yo sèlman ki enskri nan yon sistèm bankè, sa ki limite posiblite pou yo jwenn kredi, pou yo genyen mwayen pèyman modèn epi pou yo antre nan sikui finansye fòmèl yo. Yon ekonomi enfòmèl ki trè fò, yon konsantrasyon jewografik sèvis finansye yo nan gran vil yo, avèk feblès enfrastrikti nan domèn elektrisite ak konektivite nimerik vin ranfòse reyalite sa a. An menm tan, adopsyon popilè telefoni mobil la ouvè yon boulva ki pote lespwa jan premye siksè sèvis lajan elektwonik yo rele « mobile money » an anglè montre sa. Men, evolisyon sa a manke byen chita epi li manke entegre nan kad yon estrateji global. Nan kontèks sa a, pilotaj estratejik sistèm pèman ak inovasyon yo vin tounen yon levye enpòtan pou modènizasyon finans lan, ki vize ranfòse kapasite rezistans sistèm finansye a ak enklizyon finansyè a, soutni kwasans ekonomik dirab epi ki disponib pou tout moun. Sa ap pèmèt nou soti nan yon evolisyon fòmèl epi ki pa ko byen enstale an amoni ak tout sistèm nan pou rive nan yon transfòmasyon ki byen òganize, kote inovasyon sèvi kòm objektif klè pou estabilite, souverènte (dwa grandèt) ak devlòpman.
2. Pou ki sa nou dwe pilote jesyon sistèm pèman ak inovasyon yo ?
2.1 Yon responsablite enstitisyonèl
Pilotaj sistèm pèman ak inovasyon finansye a fè pati responsablite fondamantal ki antre nan kad souverènte Bank Repiblik d Ayiti (‘BRH’). Kòm bank santral, BRH genyen manda legal lalwa 1979 la ba li ki se asire estabilite monetè ak finansye nan peyi a, manda ki genyen regilasyon ak sipèvizyon sistèm pèman yo enskri ladan li byen klè. Nan yon anviwònman ki ap devlope rapidman, wòl sa a depase sèl fonksyon kontwòl la pou li anbrase fonksyon oryantatè ak konstriktè (achitèk) sistèm finansye a. Pilote nan kontèks sa a vle di defini yon kad reglemantè klè, byen adapte epi ki ap evolye, ki dwe pèmèt inovasyon an devlope yon fason ki sekirize, pandan li byen metrize risk ki kapab prezante tankou riks sibènetik, risk nan nivo operasyon, san bliye risk ki gen pou wè ak pwoteksyon konsomatè yo oswa benefisyè yo. Men tou, li gen misyon asire solidite ak fyabilite enfrastrikti pèyman kritik yo, veritab poto-mitan fonksyònman ekonomik la. Anfen, pilotaj sa a bay BRH yon wòl santral nan garanti konfyans, yon kondisyon esansyèl nan adopsyon ak difizyon nouvo zouti pèman nan ekonomi an.
2.2 Enklizyon finansyè ak amelyorasyon byennèt benefisyè yo
San yon pilotaj estratejik, inovasyon finansye a riske rete yon avantaj yon ti ponyen moun nan popilasyon an ki deja konekte ; inegalite nan itilizasyon zouti nimerik sou plan nasyonal sa a ranfòse inegalite nan benefisye sèvis finansye yo tou. O kontrè, yon pilotaj ki oryante sou enterè jeneral la pèmèt enklizyon finansyè a tounen yon objektif politik piblik klè, pandan li ap rann sèvis yo pi disponib, pi abòdab epi pi fasil pou itilize, an patikilye pou popilasyon ki nan vil pwovens yo, pou fanm yo ak pou ti antreprenè yo (CPMI, 2012; AFI, 2017). Nan ka sa a, aksyon ki pi konkrè a se pwomosyon san kanpe pou sa nou rele “entè-operabilite” ant diferan rezo yo (bank, aktè ki ofri sèvis lajan elektwonik, sila yo ki bay sèvis “mobile money” yo, sa vle di lajan mobil, ki sikile gras ak mwayen elektwonik). Yon pilotaj efikas kapab kase vye chenn sa yo epi kreye yon ekosistèm ki ase konsekan, dinamik epi inifye kote benefisyè a kapab transfere fon soti sou yon kont mobil rive sou yon kont bankè, oubyen peye yon komèsan, san okenn pwoblèm. Entè-operabilite a redui kou yo, laji itilite rezo a pou chak itilizatè epi li ankouraje konkirans nan avantaj itilizatè yo. Li dwe mache ak yon kad reglemantè byen klè ki garanti pwoteksyon done yo, transparans frè yo ak egzistans mwayen rekou efikas epi ki plase sekirite ak byennèt itilizatè final la nan nannan modènizasyon finansye a.
2.3 Rezistans finansye ak amelyorasyon jesyon pridansyèl
Yon sistèm finanse modèn se yon sistèm ki kite plis tras, ki pi efikas epi pi transparan, sa ki ranfòse kapasite rezistans ak kalite sipèvizyon an dirèkteman. Pilotaj inovasyon yo pèmèt yo idantifye epi diminye nouvo risk sistematik yo, tankou konsantrasyon aktivite yo nan kèk platfòm ki pa nan filyè bank yo oubyen fasilite pou yo viktim sibè-atak. Plis ankò, dijitalizasyon pèyman yo jenere yon flonn done an tan reyèl sou aktivite ekonomik la, sa ki bay BRH zouti ki pi sofistike toujou pou mennen politik monetè li epi siveye estabilite finansye a. An plis, trasabilite a ki gen pou wè ak pèman nimerik yo, lè gen règ pridansyèl ak lit kont blanchiman lajan (tankou nòm ki gen pou wè ak “Konnen kliyan ou”) ki ankadre li, vin tounen yon gwo avantaj (CPMI, 2012). Li pèmèt nou pi byen katografye gwo mouvman finansye yo, limite aktivite ilegal yo epi, pi devan, elaji baz taks ak enpo yo pandan li ap mennen yon pati nan ekonomi enfòmèl la nan sikui fòmèl la. Kon sa, pilote inovasyon an se yon zouti jesyon risk ak yon opòtinite estratejik pou ranfòse gouvènans lan an menm tan.
2.4 Kèk reyalizasyon konkrè pou modènizasyon finansye a
Pandan dènye ane sa yo, BRH kreye yon dinamik modènizasyon a travè kèk aksyon konkrè ki vize transfòme sistèm pèman yo epi ankadre inovasyon finansye a. Adopsyon Sistèm Pèman Entè-bankè Ayisyen (‘SPIH’ an fransè) reprezante yon gwo avanse. Sa pèmèt nou ranfòse sekirite a ak rapidite regleman tranzaksyon yo ant enstitisyon finansyè yo, pandan li redui risk operasyonèl yo. Yon ogmantasyon san parèy tranzaksyon yo tradui enpak esperyans lan : kantite tranzaksyon mwayen SPIH yo fè an dola ameriken chak mwa soti 6 390 pandan egzèsis fiskal 2018-2019 pou rive 53 003 pou egzèsis 2021-2022 a, yon ogmantasyon 729,46%, poutan volim tranzaksyon an goud pou menm peryòd la varye ant 57 542 e 64 286, yon ogmantasyon 11,72%. Sou menm peryòd la, valè mwayen tranzaksyon an dola ameriken chak mwa ogmante pou 45,55% ; tandiske valè mwayen tranzaksyon an goud chak mwa, ogmante pou 91,09%. Pèfòmans sa a plase Ayiti nan yon pozisyon ki chita sou yon kontras nan nivo rejyonal : si ogmantasyon nan deviz lokal la (11,72%) pwòch mwayèn rejyonal la ki sitiye nan entèval 9% ak 15% pou menm peryòd referans lan, esplozyon volim yo an dola ameriken (729,46%) depase lwen lwen referans rejyonal la ki se 9% (ECCB, 2023). Dinamik sa a se reflè, nou kapab di sa, yon gwo tandans dolarizasyon ekonomi an ak enpòtans transfè dyaspora yo.
An menm tan, BRH poze baz yon ekosistèm pèman modèn avèk Regilatè Nasyonal Pèyman (RNP) li kreye pou garanti entè-operabilite, modènize enfrastrikti pèyman yo epi ankouraje inovasyon pèman elektwonik yo. BRH ranfòse epi elaji kad reglemantè pou entegre “FinTechs” yo nan sistèm finansye fòmèl la, a travè sikilè 121 an. Pou li rive fè sa, li defini kondisyon aseptasyon, fonksyònman ak sipèvizyon aktè pèman nimerik yo an Ayiti, sila yo yo rele Founisè sèvis pèman elektwonik (FSP). Reyalizasyon sa yo tradui yon apwòch pilotaj la ki pwogresif epi byen òganize, ki konbine modènizasyon teknolojik, estabilite finansye ak pwoteksyon enterè jeneral la.
3. An nou konkli
Pilote jesyon sistèm pèman ak inovasyon yo an Ayiti se yon misyon konplèks men ki detèminan pou avni peyi a. An plis modènizasyon teknik la, sa pèmèt ranfòse fondman souverènte ekonomik la, koyezyon sosyal ak kapasite rezistans nasyonal la, pandan nou ap konstwi enfrastrikti finansye ki vize tout moun san esepsyon, kote majorite a kapab jwenn sèvis. Siksè esperyans sa a repoze sou yon vizyon klè BRH pote epi ki chita sou yon kolaborasyon sere avèk gouvènman an, sektè prive a avèk sosyete sivil la. Lè li asepte andose wòl enjényè ak achitèk nan esperyans sa a, BRH fè defi modènizasyon an tounen yon opòtinite san parèy pou bati yon sistèm finansye ki pi jis, estab epi ki o sèvis devlòpman moun ak ekonomik pou tout Ayisyen.
Referans
Alliance for Financial Inclusion/AFI (2017). Guideline Note: National Retail Payment Systems to Support Financial Inclusion. Guideline Note No. 29. August. Banque de la République d’Haïti (2025). Données sur le SPIH en provenance de la DCR.
Banque Mondiale. Global Findex Database (2021) : Mesurer l’inclusion financière dans le monde. (Données comparatives sur l’accès aux comptes et aux paiements numériques).
Committee on Payments and Market Infrastructures/ CPMI (2012) de la Banque des Règlements Internationaux. Principes pour les infrastructures de marché financier (PIMI). (Cadre international pour la sûreté et l’efficacité des systèmes).
Eastern Caribbean Central Bank/ECCB (2023). Payment and settlement systems statistics: RTGS and ECACH volumes (2018-2022).
Ronald Gabriel
